Nou pa dako pou Tony Mix anbasade la kilti


Visiteur

/ #117

2016-07-04 03:19

Mwen estimé ke li enpòtan pou gen moun ki bay pozisyon yo sou bagay sa. Mezanmi sa fè lontan nou ap swiv ki jan kilti peyi a ap pèdi fòm sitou ak dènyé mouvman rabòday ak chawa pété. Sa mété anpil moun nan soufrans men nan silans paske yo santi yo feb fas ak mouvman piske souvan nèg prêche vyolans nan estil mizik sa e yo vyolan, sa fè fanmiy, Fanm, lékòl légliz e menm vodou ayisyen frapé de sitiasyon malouk sa Ke kilti ayisyenn lan ap sibi anba men swadizan bredjenn. Jounen jodia si yon moun pa avèg e soud anmenm tan, ou pata ka chwazi tonymix ki c figi ki tradwi endesans kiltirel, imoralité kiltirèl, yon nan moun kap devalorizé fanm ak ti fi san li pa menm konprann ke c péyi a yap dévalorizé. Mezanmi nou menm Manman ak papa pitit kap fè edikasyon, nou di non non e non li pa possib pou c sa yap bann kom imaj.

Joseph Léonel