Non à la décision de la digicel de bloquer les applications VOIP


Anonyme

/ #19 An nou rele anmwey dèyè Digicel

2014-06-25 15:09

Ki moun ki plis itilize entènèt nan peyi a ? Jèn
Ki moun ki pap travay nan peyi a ? Jèn
Ki moun ki plis itilize aplikasyon VOIP yo ? Jèn
Si nou jèn nou pap travay sa vle di nou pagen lajan. Bon si nou debouye n nou achte yon tel epi nou debouye n nou peye done entènèt se jis pou n benefisye avantaj entènèt la bay pou nou ka kominike kote nou ap depanse mwens kòb. Bon si digicel bloke mwayen kominikasyon nou yo la ki sa li di nou fè ?
Sa mwen vle konprann : Digicel pa bloke aplikasyon VOIP, li jis di nou jèn ke nou dwe gen lajan pou nou ka kominike sou entènèt la paske pou li avantaj entènèt la ofri yo nou pa dwe genyen yo. Se nou ki jèn, se nou ki sou facebook, se nou ki nan whatsapp, se nou ki nan twitter, se nou ki nan aplikasyon voip, se nou ki nan entènèt se nou ki fè digicel egziste, donk se nou ki pou montre digicel ke nou pap jwe ak desizyon ke li pran an.