LAVI AN DANJE 10 MIL SIYATI POU SOVE LAVI

 

 

 

 LAVI AN DANJE

10 MIL SIYATI POU SOVE LAVI

 

Lavi se pi gwo byen nou posede, an’n batay pou li.

Okenn lopital piblik pap fonksyone paske Medsen yo an grèv, Medsen yo an grèv paske pa gen materyèl pou bay laswenyay, ak bon kondisyon travay pou yo ak kò medikal la, pandansetan okenn otorite pa di anyen (zafè kabrit sanble pa zafè mouton).

Pandan tout tan sa, moun ap mouri douvan lopital jeneral akoz pa gen sèvis.

Kote Depite pèp yo ?  

Kote senate Repiblik la ?

Kote Minis Sante a? Kote OPC (Ofis Pwoteksyon Sitwayen)?

Kote òganizasyon ki di yap defann dwa moun yo ?

Èske yo yonn pa wè tout sosyete a an danje ?

Nan sans sa, nou invite w sitwayen fanm kou gason, kit ou anndan kit ou deyò peyi a, siyen petisyon sa a pou fòse Otorite Konsène yo pran responsablite yo. Kapab se pa ou, men kapab se yon fanmi oubyen yon zanmi ki frape pòt lopital epi pa gen pèsòn pou louvri.

 

10 mil siyati sifi pou nou fè lavi souri. Se angajman pam, paw ak pal ki ap fè 10 mil nan yon bat je.

 

Men nou pap kanpe la. Jou fèt drapo a (mèkredi 18 me 2016) kise senbòl rezistans nou, senbòl fyète nou kòm pèp, nap òganize yon Mach Pasifik kap kòmanse a 9 vè nan maten douvan Lopital Jereral pase sou Chanmas, Avni Manyi (Devan Ministè Fanm, Ministè Lajistis ak Ministè Afè Sosyal), pou al bout Tijo devan Direksyon Depatmantal Lwès Sante Piblik la. Kote nou pral di byen fò :

" Nou pwal di nou bouke. Nou pa vle grèv nan lopital yo ankò, nou pa vle medsen yo ap travay nan move kondisyon ankò, nou pa vle malad yo ap soufri pou move kalite laswenyay ankò. Lasante se lavi, ban nou lasante !"

  Mesi pou angajman ou pran pou sove lavi.